Selebrasyon 39 lane American Airlinnes

Madi 2 mas la fè 39 lane depi konpayi aeryèn American Airlines egziste. Akòz kriz tranbleman de tè 12 janvye a kreye nan peyi a, responsab konpayi an deside make dat sa a avèk yon rankont ak laprès pou bay detay sou entèvansyon AA fè nan peyi a, avan ak aprè katastwòf la.

Responsab American Airlines yo deklare yo fyè dèske yo se sèl konpayi aeryèn ki finanse ak yon valè 1.3 milyon dola, travay reparasyon ki fèt nan ayeopò Toussaint Louverture lan ki pèmèt tout aktivite komèsyal yo reprann nòmalman.

Ekspè nan konpayi entènasyonal Odebrecht ki antre nan peyi a sou demand American Airlines ki reyalize travay reabilitasyon yo nan tèt kole ak otorite ayisyèn yo, di yo prè pou kontribiye nan rekonstriksyon peyi Dayiti, patikilyèman nan pwojè konstriksyon nouvo ayeopò gouvènman brezilyen an genyen an.

Fonksyonman OAVCT

Gen yon selil de kriz ki mete sou pye andan “office assurance vehicule contre-tiers” (OAVCT), ki ap fonksyone o ralenti anba tant nan lakou a, apre katastwòf 12 janvye a, pou reponn ak bezwen popilasyon an.  Responsab komèsyal andan enstitisyon an, Madame Yolette Policard fè konnen akòz batiman ki loje sèvis ekspètiz lan te detwi yo oblije fè enspeksyon machin yo nan lari a.

Nan sa ki gen a wè ak aksidan, responsab komèsyal OAVCT a deklare sèvis sa a toujou ap fonksyone, li pwofite bay yon nouvo nimewo telefòn  ki se 2515-5768 pou moun rele nan ka aksidan, akòz rezo teleko a pap fonksyone. Yon lòt bò, li di enstitisyon an toujou kenbe menm prensip transfè pwopriyete machin pandan l’ presize se sèl propryetè a ki ka fè transfè bay yon lòt moun.

Nan kad dosye 2 pami 10 ameriken ki toujou fèmen nan prizon pou anlèvman timoun ak asosiasyon malfektè, jij enstriksyon an Bernard St-Vil , tande jounen madi a, Jose Hidalgo, Robert Chenvert, Pè Julio César ki sòti an repiblik dominikèn, epi 2 enkilpe yo Laura Silsby ak Anne Coulter Charisa nan kad konfrontasyon dosye.

Odisyon sa a se pou jwenn enfòmasyon ki kalte aktivite Laura Silsby abitye mennen nan zòn sa yo epi gade si gen ofelina ki ekziste nan zòn kote yo di li ta pral  mete timoun yo. Selon enfòmasyon yo jij enstriksyon an Bernard St-Vil pwomèt pou rann òdonans dosye sa a, demen mèkredi a.

Fòn fè konnen yon semèn anvan sa a, Jij denstriksyon Bernatrd St-Vil ki te akonpaye ak komisè gouvènman pakè pòtoprens lan mèt Manès Louis, epi enspektè  Jean Valcy ki nan brigad pwoteksyon minè  (BPM), te fè yon vizit pandan wiken pase a nan repiblik dominikèn ak Ouanaminthe

Leave a Reply